ENPÒTAN POU KLIYAN NOU YO

N ap raple w ke lè ou resevwa yon koli nan Depo TurboExpress, ou gen 10 jou gratis pou vin pran l.

Depi lè ou resevwa mesaj nou, apati demen menm lè a, kòmanse konte kòm premye jou a. Lè sa rive nan 10 jou, ap gen yon frè depo 1 USD pa jou pou chak koli ki rete san pran. Si ou pa disponib pou vin pran koli a, ou ka voye yon reprezantan. Nan ka sa, reprezantan an dwe prezante mesaj nou te voye pou ou a pou ka resevwa koli a nan non ou.

Nòt : Tout koli ki gen plis pase 60 jou ouvrab nan biwo nou an depi yo te disponib pa elijib pou okenn reklamasyon ankò.

Nou ankouraje w pase pran kòmand ou yo a tan pou evite depans siplemantè.

Mèsi anpil paske w toujou fè konfyans ak TurboExpress!